Laswis bat Kamewoun (1 – 0) nan premye match Gwoup G a pou Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Se Breel Embolo, pitit tè Kamewoun ki make grenn gòl match la nan dezyèm mitan an.
Bagay yo pa pase jan ekip Kamewoun nan oubyen prezidan federasyon yo a, Samuel Eto’o te swete l la. Alòske ansyen jwè FC Barcelone nan t ap fè gwo gòj pou l di se Kamewoun k ap chanpyon, se pa sa premye match yo a reflete sou teren an.
Lyon endontab yo te jwe yon bèl premye mitan kote yo te miltipliye atak yo san yo pa t janm rive pèse filè Swis yo. Pleyad jwè k ap evolye an Ewòp yo t ap byen mouye mayo peyi yo. Gadyen eksperimante Laswis la, Yann Sommer te rete vijilan devan aso Kamewounè yo.
Nan dezyèm mitan match la, Breel Embolo delivre machandiz la pou Swis yo. Byen plase nan pwen penal la, jwè AS Monaco a te fini aksyon an tankou l te nan antrènman pou l fè ti mesye Rigobert Song yo peye mank reyalis yo nan match la.
Embolo pa selebre gòl li fè a paske Kamewoun se tè kote l wè jou. Kamewoun pa byen demare Mondyal la epi l gen 2 match difisil k AP ret tann li, youn anfas Brezil epi lòt la kont Sèbi. Lyon yo dwe reveye yo pase jiskaprezan prediksyon Eto’o yo nan dlo.

