Brian Andrew Nichols, Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal Etazini an, ap vizite Ayiti semèn sa a, dapre sa diplomat la fè konnen sou kont Twitter li a. Li pral rankontre ak Premye minis Ariel Henry, sektè prive ak diplomasi pou evalye pwogrè yo.
« Mwen paka tann pou m vizite Miyami ak Ayiti semèn sa a, kote mwen pral rankontre ak yon pakèt patnè gouvènmantal, sektè prive, sosyete sivil ak patnè diplomatik, pou fè avanse pwogrè nan direksyon yon avni ki estab, pwospere ak demokratik pou Amerik yo », te ekri Diplomat ameriken an nan yon tweet, ayè lendi 6 mas 2023 a.
Pandan vizit sa nan peyi a, Brian Andrew Nichols pral rankontre manm sosyete sivil la ak pwotagonis yo alantou yon rezolisyon k ap ede amelyore kriz miltifòm sa a, peyi a ap travèse depi kèk tan.
N ap souliye, se pa premye fwa diplomat ameriken an ap vizite Ayiti. Nan lane 2022 a, Brian Andrew Nichols te dirije yon misyon entènasyonal an Ayiti, kote li te rankontre plizyè manm man gouvènman, ladan yo Premye minis Ariel Henry.
Facebook Comments