Otorite yo nan peyi Meksik jwenn 343 migran yo abandone nan dèyè yon kamyon

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
otorite yo nan peyi meksik jwenn 343 migran yo abandone nan dèyè yon kamyon

Enstiti nasyonal migrasyon (INM) nan peyi Meksik rive sove 343 migran ki te anndan yon karavàn yo abandone nan Eta oryantal Vercruz, pami yo genyen 103 timoun ki pa akonpaye. Migran sila yo sòti nan kèk peyi tankou Gwatemala, Ondiras ak Salvadò.

“Nou te lokalize remòk la san l pa gen chofè, men nou te vin santi genyen moun nan dèyè kamyon an. Migran yo te gen braslè plizyè koulè nan bra yo kòmsi se pou te idantifye yo”, se sa INM esplike.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan tèt kole ak Ajans ankèt kriminèl (AIC) Biwo pwokirè jeneral (FRG), INM rive jwenn migran sila yo epi sove yo dimanch swa dènye sou otowout Cosamaloapan-La Tinaja, daprè sa enstiti a rapòte nan yon kominike.

Sou 343 migran yo, 212 se majè epi 103 minè, epi genyen 28 ki genyen plizyè moun ki te akonpaye yo. Kèk nan timoun yo sòti nan peyi Gwatemala, granmoun yo sòti Gwatemala, Ondiras, Salvadò ak Ekwatè, elatriye.

Pou kounya, pi fò nan yo, sitou timoun ki pa akonpaye yo, rete sou titèl Sistèm devlopman entegral fanmi (SDIF), tandiske granmoun yo deja tanmen pwosedi administrativ pou defini sitiyasyon jiridik yo nan peyi Meksik.

INM raple nan kòmansman ane a yo te deja jwenn 269 moun pil sou pil anndan yon machin nan Eta meridyonal Chiapas.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.