Brian Nichols felisite apèl sektè prive ayisyen an lanse ak aktè politik yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
brian nichols felisite apèl sektè prive ayisyen an lanse ak aktè politik yo 

Sekretè adjwen nan zafè emisfè oksidantal yo, Brian Nichols, reyaji sou apèl sektè prive ayisyen an lanse ak elit politik yo an Ayiti pou jwenn yon akò k ap kapab retire peyi a nan sitiyasyon malouk li twouve l jounen jodia. 

Sou kont Twitter li, anvwaye espesyal ameriken an, Brian Nichols, felisite desizyon sa ki, daprè li, vize chanje pratik komèsyal yo nan peyi a, epi fè pwomosyon pou transparans, konkirans ki kapab konstwi epi respè prensip etik ak jiridik yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Brian Nichols fè konnen nan mesaj sa, y ap siveye byen pre respè ansanm mezi sa yo sektè prive ayisyen an anonse yo sou kòman yo pral kapab aplike sou tèren an nan peyi a. 

Plizyè gwoup nan sektè komès la an Ayiti te mete tèt yo ansanm pou sòti yon kominike kote yo lanse yon apèl ak tout kouch anndan sosyete a, prensipalman klas politik la, pou mande yo jwenn yon akò prese prese pou retire peyi a nan sitiyasyon difisil sa li twouve l jounen jodia. 

Nan menm kominike sa, gwoup ki siyen yo pran angajman pou mete sou kote tout move pratik ki te konn genyen nan fason komès abitye fèt nan peyi a. Sektè prive ayisyen an anonse egalman y ap soutni tout demach ki vize akouche yon gouvèman antant nasyonal pou rive libere peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.