Fyèv pa yon maladi, se mèt  kò  ki veye kò 

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
fyèv pa yon maladi, se mèt  kò  ki veye kò 

Depi kèk jou gen yon fyèv k ap sakaje anpil moun nan kapital la. Gen moun ki kwè se yon epidemi,  konsa tou gen lòt ki panse se klima a ki ta lakoz fyèv sa. Li enpòtan pou nou konnen fyèv pa yon maladi, se tanperati kò a ki monte, se yon sentom ki mande anpil kontwòl. Kò nou fèt pou l gen yon tanperati nòmal (37°C) lè nou an repo, fyèv se yon bon mwayen pou kò a ka defann li kont bakteri ak viris ki ta vle ba l pwoblèm. Men kèk bagay ou dwe konnen lè yon fyèv  ap fatige w anpil.  

Depi yon moun gen fyèv li toujou panse li malad, poutan se tanperati kò a ki ogmante, fyèv la se yon mwayen pou kò a ka batay kont bakteri ak viris ki menase l. Fyèv la manifeste nan kò yon moun lè gen yon estrès nan kò a, pi souvan yon enfeksyon oubyen yon bakteri.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou yon moun mezire tanperati kò li, li ta sipoze gen yon tèmomèt, pou timoun ki rive nan laj 5 lane yo se kote yo fè bezwen yo epi granmoun yo se nan bouch yo pou tamperati kò a mezire.   

Kèk bagay ou dwe konnen pou premye swen lè w gen fyèv  

  • Avan yon moun pran ibipwofèn, li ta enpòtan pou l konnen si l pa gen pwoblèm tansyon, pwoblèm ren e li pa bon pou yo bay yon timoun ki gen 6 mwa ibipwofèn ni fanm ansent.  
  • Moun ki gen fyèv la dwe pran repo pou kò a ka konbat kont bakteri yo oubyen enfesksyon an 
  • Rafrechi kò a tanzantan ak yon sèvyèt mouye oubyen benyen ak yon dlo ki tyèd  
  • Pran te asowosi ak sitwon oubyen simen kontra 

Kèk bagay ou dwe evite lè w gen fyèv  

  • Pa bay timoun ki gen tous ak grip  yo aspirin paske sa ka ba yo alèji  
  • Fè fiksyon ak kleren pa bese tanperati kò a vre, kleren an ap antre nan kò moun nan a travè pò li yo, sa ki ka fè  kò a delala  
  • Pa benyen ak dlo ki frèt anpil men benyen ak dlo ki tyèd 
  • Men yo dwe lave tanzantan pou diminye risk direksyon yo 
  • Pa rete kole sou moun ki deja gen yon maladi ki ratrapan
     

Si tanperati kò a depase 40°c, moun ki gen fyèv la ap jigote, moun nan tounen entatad, l ap enpòtan pou yo mennen l nan sant sante ki pi pwòch li a, prekosyon pa kapon se mèt kò ki veye kò.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article