Brooklyn Nets bat Miami Heat nan doulè epi pèdi Kevin Durant

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
brooklyn nets bat miami heat nan doulè epi pèdi kevin durant

Nan match ki te mete bab pou bab ekip Brooklyn lan ak Miami, nan lannwit dimanch lan. Nets yo rive bat ak yon panye 3 pwen, Royce O’Neale te make nan fen match la (101-102). Avan 13 minit pou rankont lan te fini, Kevin Durant ta pral soti blese nan jenou.  

Nan yon rankont ak anpil entansite, ekip Brooklyn Nets la bat ak anpil dikilte ekip Miami an, malgre Kevin Durant blese avan match la te fini. Yon 3 pwen ki ta pral make nan 3 dènye segond yo ak Royce O’Neale ta pral fè Nets yo rache viktwa sa. Yon rankont kote franchiz florid yo te mete tout enèji yo ak entèlijans yo pou yo te bloke Kyrie Irving ak Kevin Durant.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè soti Kevin Durant lan, Miami te pran devan kote Tyler Herro ta pral make yon 3 pwen poul te mete match la 80-79. Epi nan premye minit katriyèm pati a,  menm jwè sa ta pral make 8 pwen pou l te mete Nets yo nan pwoblèm. Men Nets yo ta pral jwenn fòs pou yo remonte, 3 jwè sa yo : Irving-Curry-Claxton te montre yo vle genyen match la.  

Soti Kevin Durant lan, te ka baskile rès match la epi fè Nets yo pèdi, paske ekip Miami an te jwe yon bon match pou l te genyen. Jwè tankou Royce O’Neale, Nic Claxton epi Irving-Curry te montre ekip la solid malgre yo te pèdi star yo a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive