Sa gen 16 lane depi Apple te prezante premye Iphone nan 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
sa gen 15 lane depi apple te prezante premye iphone nan 

Jou ki te 9 janvye 2007 la, Steeve Jobs kofondatè antrepriz Apple la, te prezante premye Iphone nan. Yon kreyasyon ki te pral fè mond lan antre nan è telefòn entèlijan yo. 

6 lane aprè premye Ipod yo te fin pran mond lan pou yo, anpil rimè t ap sikile kòmkwa, Apple ta pral lage sou mache a yon telefòn ki pral revolisyone mond lan. 9 janvye 2007 nan vil San Fransisko, Steve Jobs prezante premye modèl Iphone nan. Se pa tout jèn k ap sonje l, e se pa yo tout nonplis ki te gen chans konnen l, manyen l oubyen sèvi avè l. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Steve Jobs te fè yon rale mennen vini sou tout pwodwi Apple te deja mete deyò yo tankou Macintosh (1984) ki daprè limenm, te chanje endistri enfòmatik la nèt, 2001, kote yo te prezante premye Ipod la ki pat sèlman chanje Apple men li te chanje tou, fason moun tande mizik, daprè dirijan ki ta pral fè asistans lan konnen antrepriz li kofonde a pral ba yo 3 bagay nan yon sèl pwodwi. 

« Jodia n ap entwodwi nan mond lan 3 pwodwi revolisyonè : premye a se yon ipod ki gen yon ekran laj kote tout kòmand yo ap fèt ak dwèt ou sou ekran, dezyèm nan se yon telefòn mobil, twazyèm nan, se yon tèminal kominikasyon entènèt. 3 bagay sa yo se pa 3 pwodwi men se yon sèl e menm pwodwi. Jodia, Apple pral revolisyone telefòn. » Se sa dirijan an te deklare. 

« Nou te vle fè yon esmatfòn senp pou itilize, k ap revolisyone mond lan epi ki an avans sou tout sa ki egziste deja yo. » li te kontinye pale konsa, pandan li te fè konnen telefòn entelijan ki te la deja pat ni entèlijan vre, ni senp pou itilize. Nan epòk la sete BlackBerry, Moto Q, Palm Treo ak Nokia E62, e yo tout te gen klavye. 

« Sa nou vle fè, se debarase nou de klavye a, bouton yo epi kite selman yon ekran. Nou pral itilize pi bon zouti ki kapab genyen an ki se dwèt nou. » Se konsa li te kontinye pandan li prezante bay piblik la ki te sezi epi eksite, yon telefòn fòm rektang, 10 santimèt nan wotè, 6 santimèt lajè. Yon ekran taktil ki pran 75% espas devan aparèy la, entènèt 2g, epi yon kamera nan do l.  

Apre sa Steve te pran detaye tout sa nouvo telefòn sa te genyen tankou yon gwo ekran taktil, senkwonizasyon otomatik ant Iphone, Itune, GSM, Edge, Wifi, Bluetooth 2.0, ak sonri apel antran sa nou tout fin abitye avè l la. Depi se yon Iphone sone nan yon espas, nou deja konnen. 

15 lane aprè, Iphone toujou rete yon referans, anpil moun renmen l epi sèvi avè l sèlman, depi lè yo fin sèvi avèk li premye fwa. Men konsa tou, gen sila yo ki pa renmen l. li vin yon zouti pwofesyonèl, anpil moun sèvi avè l pou filme epi kreye kontni pou rezo sosyal yo. 

Apple vann plis pase yon milya telefòn nan mond lan epi deja sòti plizyè modèl. Nan mwa septanm 2022 a, Apple te prezante dènye modèl yo a pou kounya, yon iphone 14 ki gen plizyè lòt sou modèl tankou Iphone 14 plis, 14 pwo, 14 pwo maks. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.