Sa pase nan zòn Tomazo, popilasyon an touye Tania, yon prezime toutè epi mennaj pisan bandi « Lanmò San Jou », pandan semèn ki sot pase a. Daprè enfòmasyon disponib yo, anvan yo touye jèn fi a, yo fè l depale epi bay non plizyè lòt fanm k ap fè menm travay ak li epi pou kiyès y ap travay.
Jistis popilasyon an kontinye ap taye banda prèske tout kote nan peyi a. Nan Tomazo, popilasyon an kalonnen yon jèn fanm ki ta nan konivans ak bandi « 400 Mawozo » k ap opere nan katye Kwadèboukè yo. Anvan lanmò Tania, li bay plizyè konplis ki konn ak li nan ansanm misyon li konn fè pou prezime bandi baz 400 Mawozo yo. Li avwe ak bouch li, li pa sèl fanm k ap fè travay sa, epi li se toutè alafwa mennaj « Lanmò San Jou » ki se 2èm chèf gwoup gang sa.
Nan yon videyo kèk moun pran anvan egzekisyon Tania a, swadizan mennaj « Lanmò San Jou » a, mansyone non plizyè lòt fi k ap travay ak bandi nan menm sans ak li. « Mwen ka mennen nou pran kèk nan yo, yo kache nan bwa yo. Yo pifò gen zam nan men yo », te deklare Tania anvan yo te lapide l.
Popilasyon an pa gen entansyon bay vag nan batay y ap mennen pou konbat bandi ak zam k ap simen lapèn ak dezolasyon nan prèske tout peyi a, alòske gen moun ki pè pou mouvman Bwa Kale sa pa wete lavi moun ki inosan yo.
Facebook Comments