CARICOM pa konte voye pyès fòs entèvansyon nan peyi d Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
caricom pa konte voye pyès fòs entèvansyon nan peyi d ayiti

Kominote Karayib yo (CARICOM) fè konnen li pa konte voye pyès fòs pou vin fè yon entèvansyon sou teritwa ayisyen an nan lide pou vin tabli lapè ak sekirite epi travay nan tèt kole ak fòs lòd yo.

Alòske divès chita pale te tanmen ant divès aktè politik ayisyen nan peyi Jamayik, kote yo t al gade si yo ka antann yo pou jwenn yon solisyon ak kriz sosyopolitik aktyèl la, diskisyon yo pa debouche sou anyen. Mete sou sa, inisyatè sila ki se CARICOM deklare jounen jodia li pa konte deplwaye pyès fòs nan peyi d Ayiti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktyèl prezidan Kominote Karayib yo, ki se Premye minis Bahamas tou, Philip Davis, deklare wikenn pase a peyi CARICOM yo pa gen pyès entansyon pou voye fòs an Ayiti, jan dènye demann Premye minis Ariel Henry te nesesite l la.

“Bòt pou foule tèren an se pa sak pwoblèm lan pou moman an”, se te deklarasyon responsab la nan yon konferans pou laprès. Li te pito vle montre nesesite ki genyen pou gen yon konsètasyon ant divès aktè politik ki gen arebò tab diskisyon yo ki paka antann yo jiskaprezan.

N ap raple, aprè dènye somè ant CARICOM lan ak plizyè reprezantan politik pa bò isit, chèf gouvènman ayisyen an, M. Ariel Henry, te deklare li te mande yon lòt fwa ankò, pa bò kote Konsèy Sekirite Nasyonzini an, pou yon fòs miltinasyonal te deplwaye sou teritwa pou vin ede yo konbat ensekirite a ak gran banditis la. Si demann sila fèt depi Oktòb pase, jiskaprezan anyen pa janm fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.