Prèske 3 milyon timoun an Ayiti bezwen yon asistans imanitè, daprè UNICEF

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
prèske 3 milyon timoun an ayiti bezwen yon asistans imanitè, daprè unicef

Fon Nasyonzini pou Anfans (UNICEF) fè konnen genyen prèske 3 milyon timoun ki nan nesesite yon èd imanitè nan peyi a, anplis pwoblèm grangou, sante ak ensekirite y ap konfwonte. Li bay gwo avètisman sou sa.

UNICEF, nan vwa reprezantan li nan peyi d Ayiti Bruno Maes, mande pou yo “pa vire do bay timoun yo nan moman yo plis bezwen sipò a”. Daprè responsab la, “pase ti gason ak tifi nan peyi d Ayiti se etap ki pi difisil ak danjere timoun yo te ka konfwonte”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fas ak etap sila ki fè panse ak tout senaryo moun paka imajine, Bruno Maes souliyen nan yon kominike pou timoun yo, ki se plizyè milyon ki nan menm sitiyasyon an, jwenn yon sipò san parèy pa bò kote dirijan yo.

UNICEF, yon lòt kote, bay gwo alèt sou zafè malnitrisyon an ki ogmante ak 30%, e li potansyèlman ka lakoz lanmò. Prèske yon timoun sou 4 ap soufri anba l depi dènye lane sa yo. Poutèt sa, branch Nasyonzini sila ki la pou voye je sou kondisyon vi timoun yo nan mond lan, mande pou gen yo èd imanitè prese prese ki rive jwenn avni peyi a ki se timoun yo.

N ap raple, UNICEF Ayiti te deja resevwa 15% nan 246 milyon dola nesesè li te bezwen nan divès program li yo sou teritwa a pou ede timoun ki pi vilnerab yo kont malnitrisyon grav sa, pami kèk lòt pwoblèm.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.