CARICOM salye kouraj ak kapasite rezistans pèp ayisyen an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
caricom salye kouraj ak kapasite rezistans pèp ayisyen an 

Nan okazyon selebrasyon 219èm ane endepandans peyi an, Sekretè jeneral CARICOM lan, Carla Barnett, salye kouraj ak kapasite rezistans pèp ayisyen an nan yon mesaj li adrese ak Premye minis Ariel Henry. 

Nan mesaj sa ki rive jwenn chèf gouvènman an, Sekretè jeneral CARICOM lan felisite tout pèp ayisyen an ki t ap selebre dimanch premye janvye an 219èm ane endepandans yo aprè yon long peryòd esklavaj. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Madam Carla Barnett, nan non Kominote karayib yo, adrese l ak pèp ayisyen an pou salye moman sa ki, daprè sa l fè konprann, se yon zak senbolik ki fè fyète tout rejyon an. 

Atravè Sekretè jeneral li, CARICOM renouvle angajman l pou kontinye soutni gouvènman an ak tout pèp ayisyen an nan miltipliye efò yo pou ede bon jan lapè tounen nan peyi an, sekirite, pwogrè ekonomik ak sosyal, pou popilasyon an kapab genyen yon vi miyò. 

Madam Barnett souliye egalman nesesite pou mete sou pye an Ayiti bon jan enstitisyon solid nan lide pou sòti peyi an nan kriz plizyè dimansyon sa l ap konnen depi kèk tan an tankou ensekirite, lamizè ak enstabilite politik. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.