Céline Dion soti nan silans li epi li anonse yon fim dokimantè sou 2 dènye ane sa yo

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
céline dion soti nan silans li epi li anonse yon fim dokimantè sou 2 dènye ane sa yo

Depi 2022, Céline Dion pa monte sèn. Vedèt Kebekwaz la te pran lapawòl dènyèman sou maladi l. Chantèz la soufri sendwom Moersch ak Woltman. Li anonse li tounen yon fim dokimantè k ap gen pou soti pou sensibilize moun sou maladi sa.

Sendwom Moersch ak Woltman se yon maladi ra ki afekte sistèm nève, ki redwi kapasite moun lan pou l mache, chante. Se li Céline Dion soufri. Li anonse nan yon pòs Instagram, li te fè yon dokimantè 2 dènye ane yo. Dokimantè l ap prepare yon fason “pou senzibilize moun sou maladi sa yo pa fin twò konnen epi ede moun ki gen menm dyagnostik sa a”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li te pran lapawòl pou l di : “2 dènye ane sa yo te yon gwo defi pou mwen, soti nan dekouvèt maladi a jiska aprann kijan pou viv ak li epi jere l, san kite l defini m. Lè mwen tounen nan karyè mwen, mwen reyalize jan mwen te santi jan sa te manke m pou m wè fanatik mwen yo”. Sa gen kèk mwa, sè l la te anonse l ap goumen, men l poko ka tounen sou sèn.

“Pandan mwen te absan, mwen te gen anvi dokimante pati sa nan lavi mwen pou senzibilize moun sou maladi sa ki pa koni ak ede moun ki gen menm diagnostik sa “, chantez la deklare. Kidonk nan pa lontan, Céline Dion pral fè gran piblik la dekouvri pati sa nan lavi l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.