CG Okap la Charles E. Durand fèmen yon disko aprè 2 fanm fin fiyanse ladan l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
cg okap la charles e. durand fèmen yon disko aprè 2 fanm fin fiyanse ladan l

Mèt Charles Edouard Durand ki se Komisè Gouvènman Okap la fèmen byen bonè maten 5 janvye 2024 la “Tipsy Bar” nan ri 22 C, aprè 2 fanm ta fin fiyanse ladan l ayè 4 janvye a nan aswè.

Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, Komisè a mansyone li te resevwa plizyè plent kont yon seri aksyon k ap fèt andedan disko sila. Li mansyone anplis anbyans MasiMadi k ap fèt andedan espas la, genyen agresyon ak zam epi menas lanmò k ap repete nan espas la tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mèt disko a bò kote pa l, t ap kesyone komisè a si lalwa mansyone yon kote ki sètifye “yon biznis pa dwe resevwa yon kliyan ki fè pati LGBTQ+”.

Pi lwen, Komisè Gouvènman Okap la kalifye konpòtman medam yo kòmkwa yon aktivite “malsèn” epi afime se yon “enfraksyon”, se rezon ki ta lakòz yo fèmen espas disko sa.

N ap raple, nan lannwit 4 janvye sa, 2 fanm te prezan nan espas “Tipsy Bar” la ki nan ri 22 C, nan lide pou te ofisyalize relasyon anmourèz yo epi fè yon demann maryaj nan gran piblik la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.