Chanm komès ak endistri lwès mande gouvènman rewè salè minimòm lan 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
chanm komès ak endistri lwès mande gouvènman rewè salè minimòm lan  (1)

Nan yon nòt ki pote date 24 septanm 2022, Chanm komès ak endistri lwès la mande gouvènman ayisyen an pase men nan salè minimòm lan aprè ogmantasyon pri pwodui petwolye yo nan ponp yo.  

Estrikti patwonal la fè konnen li konprann rezon ki pouse popilasyon an pran lari semèn ki sot pase yo kote pri pwodui nesesite yo pa sispann ogmante, ak ensekirite a ki pa janm kapab rezoud. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chanm komès ak endistri lwès la kwè pa gen wout pa bwa, sipoze gen ogmantasyon nan salè minimòm lan. Toutfwa, nan nòt sa, estrikti an fè konnen yo apwouve desizyon gouvènman an ki retire sibvansyon sou gaz la. 

« Nou konprann egalman yon ogmantasyon salè minimòm […] parèt inevitab e nou ankouraje gouvènman an aji tèt kole ak konsèy siperyè salè», sa Chanm komès ak endistri lwès la fè konnen.  

Chanm komès la espere ap kapab gen bon jan pwogram sosyal ak mezi akonpayman ki mete sou plas pou amelyore kondisyon lavi sak pi pa kapab yo epi pou bay Lapolis la resous ak mwayen pou fonksyone ak lajan sa ki pral rantre nan kès Leta a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.