Fòmasyon reyisi nan kad pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo Ayiti 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
fòmasyon reyisi nan kad pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo ayiti 

Vandredi 23 septanm 2022, ministè kondisyon fanm ak dwa fanm remèt atestasyon ak 40 fanm ki te patisipe nan fòmasyon pwofesyonèl ki t ap òganize nan kad pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo an Ayiti ki te lanse 20 me ki sot pase a. 

Karant fanm ki t ap resevwa fòmasyon nan makiyaj, penyen, fè zong ak antreprenarya nan Sant pwofesyonèl ministè fanm lan resevwa jounen 23 septanm lan sètifika yo aprè yo fin swiv avèk siksè seyans fòmasyon sa. 

Daprè ministè fanm ak kondisyon fanm, seyans fòmasyon pwofesyonèl sa òganize sou 2 semèn avèk 60 lè kou kote fanm sa yo t ap aprann penyen, fè zong, makiye, san bliye fason pou yo kapab monte pwòp yo. 

Yon pwojè ki reyalize avèk finansman peyi Taïwan avèk yon montan 2,6 milyon dola e ki repoze sou twa pwen: anplwa, antreprenarya ak enklizyon finansye fanm yo. Daprè MKFDF, fòmasyon sa ap ranfòse kapasite ekonomik jèn fanm sa yo ki sòti nan divès òganizasyon fanm andedan peyi an. 

- Advertisement -
Ad image

Minis kondisyon fanm ak dwa fanm lan, Doktè Sofia Loréus, ki t ap remèt sètifika ak medam sa yo fè konnen, batay pou pwomosyon k defans dwa fanm yo dwe kòmanse ak endepandans ekonomik yo. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.