Chen kòmanse manje kadav moun nan Kafoufèy

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
chen kòmanse manje kadav moun nan kafoufèy

Jiskaprezan poko genyen bon nouvèl ki tonbe pou Kafoufèy, plizyè jou aprè bandi nan Gran Ravin, ki gen nan tèt yo Ti Lapli, te deside atake zòn sila epi fè plizyè viktim. Malgre lapolis anonse prezans li nan katye sila, kriminèl ak zam yo toujou genyen kontwòl tèren an.

Pou kounya se chen ki kòmanse manje kadav moun bandi tiye anndan lakay yo ak nan lari Kafoufèy, se sa nou aprann pa bò kote yon moun zòn lan ki rive chape poul li ayè madi 15 dawout la nan menm moman kriminèl yo t ap opere. Sou wout, li esplike, li jwenn plizyè kadav moun ki blayi atè bò lari, devan kay yo ak nan rigòl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Bandi yo antre anndan kay al pran moun pou touye ak bal. Genyen sa yo mete dife sou yo», sa li fè konprann. Reskape a rapòte li pèdi omwen 3 zanmi li nan atak gang ak zam Gran Ravin lan, pami yo yon medsen, san l pa presize idantite l.

Depi nan lannwit 13 pou al bout 14 dawout pase, Kafoufèy nan dèy aprè nèg ak gwo zam fann fwa ki sòti Gran Ravin te deside atake katye sila ki twouve l pa lwen Bòlòs ak Matisan nan sidès Pòtoprens. San fwa ni lwa yo antre anndan kay menm timoun piti pa epanye anba zak yo, alevwa pou sila ki pi gran yo.

Aprè atak sila, yo ta pral mennen plizyè lòt epi lakòz popilasyon an fè pakèt li epi bay zòn lan pou li pa viktim. Pou kounya se bandi Ti Lapli yo ki nan zòn lan sèlman ak kèk moun ki poko ka sove men ki oblije rete kache anndan san fè bri.

Malgre divès rèl viktim ki deplase yo voye bay Leta ayisyen, Ariel Henry ak gouvènman li an rete bèkèkè, pa menm minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé, ki te deklare nan mwa mas 2023 fòk Leta pran bon jan mezi pou goumen kont bandi k ap okipe teritwa pèdi yo.

Plizyè milye moun te pran lari pou manifeste ak mande gouvènman an pran responsablite l fas ak sitiyasyon an, menm jan ak moun Taba ki t al refijye yo devan anbasad amerikèn nan, lapolis chase yo ak gaz lakrimojèn epi kout baton.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.