Chofè ak pasaje ap sibi gwo menas lè y ap pase sou wout Matisan an

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
chofè ak pasaje ap sibi gwo menas lè y ap pase sou wout matisan an

Depi kèk jou, bandi yo k ap dirije 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, deside kanpe yon lòt jan ak chofè k ap pratike wout sila pou rann yo nan gran Sid la oubyen nan Pòtoprens. Plizyè chofè rapòte yo sibi anpil menas nan men sila yo k ap dirije wout Matisan an depi kèk tan.

Si nan yon premye tan, chofè bis yo, gwo kou piti, te konn fè trafik sou vwa sila ak yon ti kal asirans, pou kounya se lòt koze. Depi lè Asosyasyon pwopriyetè ak chofè ayisyen yo (APCH) te fin mande chofè yo sispann vwayaje sou wout sila akoz operasyon lapolis t ap mennen la, bandi yo vin ap menase chofè yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Òlalwa yo fè konnen, chofè yo fasilite entèvansyon polisyè yo fèt nan zòn Matisan an, e yo montre a klè yo kanpe sou bò Lapolis pase nan bò pa yo a. Yo menase swa tiye oubyen kidnape pwofesyonèl sila yo ak tout pasaje y ap transpòte.

Pou Kounya, bandi yo, patikilyèman sila ki nan Vilaj de Dye yo, ogmante lajan resèt yo te konn ap ranmase nan men chofè yo sou wout Matisan. Tou depan de machin lan, chofè yo te konn peye omwen 10 ak 15 mil goud, epi machin prive omwen 5 mil goud – si toutfwa yo pa kidnape w. Pou Kounya, kòb sila yo pliske double.

N ap raple, sendikalis Changeux Méhu, kèk tan aprè l te mande kanpe sikilasyon an nan antre sid kapital la pou lapolis te ka opere, te oblije retounen sou desizyon sila. Nimewo 1 APCH la te mande chofè yo reprann travay paske Leta ak Lapolis se tolalito y ap fè nan 3èm lan. Men l pa t atann bandi yo ta pral bay yon replik konsa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article