American Airlines anonse yon nouvo vòl pou Miami Pòtoprens

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
american airlines anonse yon nouvo vòl pou miami pòtoprens

Konpayi avyon American Airlines anonse yon nouvo vòl sou Ayiti. Nouvo vòl sa ki pral relye Miami ak Pòtoprens, ap operasyonèl apati 2 dawout 2023 a, daprè enfòmasyon konpayi a rapòte.

Pou kounye a, konpayi avyon Ameriken an kenbe 6 vòl chak semèn pou Ayiti: Lendi, Mèkredi, Jedi, Vandredi, Samdi ak Dimanch, depi ayopò entènasyonal Pòtoprens lan rive Miami.

Sepandan, American Airlines fè konnen apati 2 dawout 2023, frekans vòl yo ap ogmante, ap gen vòl disponib 7 jou sou 7, sa vle di sòti lendi pou rive dimanch, chak semèn.

Li enpòtan pou nou note, anpil Ayisyen k ap vwayaje oswa ki vle vwayaje nan peyi Etazini ap fè fas ak pri tikè yo ki konen yon gwo ogmantasyon . Sa ki lakoz anpil benefisyè pwogram Biden lan twouve yo nan yon dilèm. Genyen ki prefere pase pa Repiblik Dominikèn yon fason pou yo peye mwens lajan.

Se sak fè, anpil nan yo ki poko ale espere pou pri nouvo vòl sa yo kapab bese pri tikè yo pou ale nan peyi Etazini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.