Clarens Renois plede yon lòt fwa ankò pou yon konpwomi istorik 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
clarens renois plede yon lòt fwa ankò pou yon konpwomi istorik 

Lidè pati politik UNIR/Ayiti a, Clarens Renois plede yon lòt fwa ankò pou yon konpwomi istorik ant diferan aktè yo sosyete nasyonal la. Daprè sa li fè konnen konpwomi istorik sa a ap ede popilayson ayisyen an soti nan kriz li ye jounen jodia. 

Clarens Renois fè konnen nan sousi pou pote yon delivrans pou nasyon ayisyen an, yon lòt fwa ankò mande pou yon konpwomi istorik ant divès aktè nan sosyete nasyonal la,  daprè  Chèf pati UNIR/Ayiti a, peyi a paka kontinye ap  fè fas ak kriz sa a ankò, fòk aktè yo ki nan sosyete nasyonal la aji vit. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, nan diskou inifye li a, Clarens Renois di yon konpwomi konsa mande  anpil efò pou evite nenpòt fòm esklizyon, menm jan ak gouvènman ki la, premye Minis Ariel Henry ap dirije a 

N ap raple, se pa premye fwa Clarens Renois ap mande pou dyalòg fèt ak tout aktè naysonal yo. Men a chak fwa anyen pa janm fèt ni pa janm gen okenn swivi ki fèt. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.