Claude Joseph kondane « posti pwovokatè » Luis Abinader anvè Ayiti 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
claude joseph kondane posti pwovokatè luis abinader anvè ayiti 

Claude Joseph, ansyen Premye minis lan, pat kite  dlo nan bouch li, akòz prezans  tankè ak elikoptè lame dominiken ki sou fwontyè ayisyen-dominiken an, ansyen lokatè Primati an pat pran tan pou li te denonse sa li rele  « posti  pwovokatè » Luis Abinader anvè Ayiti. 

Claude Joseph, egzamine tout aksyon otorite dominiken yo sou kriz peyi a ap fè fas kounya, epi nan yon mesaj li pibliye ayè vendredi 30 septanm 2022 lan, ansyen Chanselye a te atake Prezidan Repiblik Dominikèn an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Prezidan Luis Abinader ak lame dominikèn lan adopte yon posti pwovokatè anvè Ayiti nan denye jou sa yo », te ekri Claude Joseph, tout pandan li fè konnen pou  li, nan zak sa a prezidan dominiken an te montre sa li te kache dèyè konpòtman alamis  li  an anvè Ayiti sou tout platfòm òganizasyon entènasyonal yo. 

“Nou te konnen  byen gen ajanda kache deyè atitid alamis Luis Abinader  sou kesyon Ayiti a devan  kominote entènasyonal la », te denonse lidè  Pati EDE a, pandan li te kontinye  ap mande pèp Ayisyen an pou yo rete veyatif. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.