Manifestasyon : Ministè Jistis la vle reprime otè zak vandalis yo 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
manifestasyon ministè jistis la vle reprime otè zak vandalis yo 

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik  nan yon nòt li te pibliye vendredi 30 septanm 2022 a,  di li bay chèf lajistis yo enstriksyon pou yo pran aksyon kont moun ki komèt zak vandalis ki anrejistre nan peyi a pandan moman manifestasyon yo. 

Kòm li te anonse, Ministè Jistis la vle  sanksyone tout moun ki te patisipe nan zak piyaj  nan semèn ki sot pase nan peyi a lè te gen Manifestasyon yo. Kidonk, nan yon nòt ki dat 30 septanm 2022 a ladanl, li envite komisè yo aji. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou sa, tout komisè anchèf nan divès jiridiksyon peyi a envite pou yo idantifye tout moun ki fè zak piyaj yo anrejistre pandan manifestasyon  yo  nan divès kwen nan peyi a. 

Premyèman, chèf lajistis yo ap gen, pou yo idantifye moun ki fè zak piyaj ak zak vandalis yo, apre pou yo arete yo epi mennen yo devan lajistis pou aksyon legal, dapre sa nòt, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik  la fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia