Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyen an (CNSCA) pran lapawòl pou denonse divès ka ensekirite ki resanse nan peyi d Ayiti depi dènye tan sa yo, epi mande kominote entènasyonal la pou pote yon kout men nan konba kont ensekirite a pa bò isit.
Nan yon nòt, ki pote siyati kowòdonatè l konsèy la Joseph Domingue Orgella, CNSCA kondane ak tout fòs li masak ki koute lavi omwen yon ventèn moun nan zòn Kabarè, pi patikilyèman nan Sous Matla kote otè zak yo boule plizyè kay tou.
Pami kèk lòt viktim, li te pwofite raple nan fen mwa oktòb pase a, asasina politisyen ak òm dafè Éric Jean Baptiste.
“Nan mwens pase yon mwa, nou pèdi Komisyonè Divizyonè Harington Rigaud, Direktè akademi polis la, pwopriyetè Emile Market la ak pitit fi li tou viktim anba men bandi ame yo. Mèt Sarah Hélène Georges pitit fi Me Reynold Georges, pa bò kote pa l, viktim anba yon tantativ kidnapin epi soti blese, san nou pa mansyone kantite endefini moun yo touye, vyòl ki anrejistre chak jou nan tout kwen nan kapital la “, se sa CNSCA eksplike.
Estrikti a di ensekirite a k ap vale teren bay anpil enkyetid, chak jou kantite viktim yo, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, pa sispann ogmante.
Pi lwen li salye travay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap fè pou frennen ensekirite a, menm si sa pa anpeche bandi yo pran plis teren.
Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyen an (CNSCA) fas ak sitiyasyon sila mande pou peyi zanmi Ayiti yo bay PNH la yon asistans atravè deplwaman yon fòs entèvansyon rapid, nan lide pou ede pèp ayisyen an rale yon souf.
Facebook Comments