Cristiano Ronaldo, yon referans nan zafè fè gòl

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
cristiano ronaldo, yon referans nan zafè fè gòl

Atakan pòtigè a ki deja gen 38 lane, kontinye ap fè filè tranble tout kote l pase. Nan viktwa Al Nassr fas Damac FC (3-0) jodi samdi a, Cristiano Ronaldo enskri yon nouvo triple nan karyè l pou fè ekip li an genyen.

Pòtigè a ki ta pral gen kontra l ak Manchester United ki koupe nan fen ane ki sot pase a, rejwenn klèb sawoudyen an, Al-Nassr, kote l kontinye ap fè sa l pi fò ladan l lan. Cristiano Ronaldo ki te deja fè 4 gòl 9 fevriye pase an, enskri jodi samdi an 62èm triple nan karyè l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Atakan potigè an ki gen yon plas titilè epi kapitèn Al-Nassr depi rive l nan chanpyona sawoudyen an, rekòmanse fè gòl an kantite aprè yon peryòd difisil nan Manchester United, kote l t ap pran ban depi rive Erik ten Hag nan tèt ekip la.

Cristiano Ronaldo ki te bay de pas gòl semèn ki sot pase a pou te pèmèt Al-Nassr genyen Al-Taawoun (2-1), desizif yon lòt fwa ankò nan viktwa (3-0) kont Damac FC , jodi samdi an kote l enskri tout twa gòl yo.

Pou sèlman 5 match jwe depi rive l nan chanpyona sawoudyen an, entènasyonal potigè an deja make 8 gòl epi livre 2 pas desizif kote ekip li an, Al-Nassr, ap domine chanpyona a avèk de pwen anplis Al Ittihad.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.