Yon dezyèm defèt pou Keylor Navas ak Nottingham Forest

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon dezyèm defèt pou keylor navas ak nottingham forest

Gadyen kostariken an ki ta pral rejwenn chanpyona anglè a nan fen mwa janvye ki sot pase a konnen yon dezyèm defèt avèk Nottingham Forest nan okazyon 25èm jounen Premier League la.

Aprè yon match nil yon gòl nan chak kan ak ekip Manchester City an wikenn ki sot pase a, Nottingham Forest koule jodi samdi a sou tèren West Ham United ki kraze yo 4 gòl a zewo avèk 4 gòl ki enskri nan dezyèm mitan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ansyen chanpyon ewòp avèk Real Madrid la ki t ap livre yon seri gwo pèfòmans depi rive l nan Premier League la nan dènye mèkato a, pa t an mezi pou anpcehe kokennchenn defèt sa ak ekip li an ki tonbe (4-0) an deplasman.

Keylor Navas ki te deja fini meyè jwè match pandan 2 fwa sou twa premye li yo ak ekip Nottingham Forest la konnen pi gwo defèt li depi rive l nan chanpyona anglè an. Gadyen kostariken an te jwe yon gwo wòl nan rezilta ekip li an sou dènye match yo.

Gadyen kostariken an ki t ap pran  ban nan ekip Paris Saint-Germain an depi rive italyen an, Gianluigi Donnarumma, sezon ki sot pase a,li  kite ekip parizyen an sou fòm prè pou rejwenn Nottingham Forest nan Premier League la.

Depi rive kostariken an nan chanpyona anglè an, Nottingham Forest fè kòm rezilta yon viktwa, yon match nil fas Manchester City epi yon viktwa (1-0) fas Leeds United nan kòmansman mwa fevriye an kote Keylor Navas te fini meyè jwè nan match sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.