D1 Arkema: Kethna Louis siyen nan Montpellier Hérault SC

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
d1 arkema kethna louis siyen nan montpellier hérault sc

Defansè entènasyonal ayisyèn lan, Kethna Louis, siyen nan Montpellier Hérault SC kote l pral gen pou jwe apati sezon k ap vini la bò kote konpatriyòt li Nérilia Mondésir.

Anviwon 24è depi l te anonse sou Instagram depa li nan ekip Stade de Reims lan, Kethna Louis deja gen yon lòt destinasyon. Entènasyonal ayisyèn lan pral pote koulè Montpellier HSC k ap evolye egalman nan D1 Arkema a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Defansè ayisyèn 26 lane a ki te rejwenn Stade de Reims nan lane 2021, kite klèb la aprè fen sezon an kote l pral dekouvri yon katriyèm klèb nan foutbòl fransè a. Kethna Louis te deja jwe sou koulè Le Havre, Issy les Moulineaux epi Stade de Reims.

Daprè enfòmasyon ki pataje pandan siyati kontra sa, Grenadye a ta dwe pote nimewo 9 avèk nouvo ekip li, Montpellier Hérault SC. Toutfwa, redaksyon Netalkole Media a pa anmezi pou konfime dire kontra sa ak montan transfè sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.