Daprè yon etid, moun ki dòmi sou bò dwat domi pi byen pase sila ki fè l sou bò goch yo 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice

Si souvan ou fè move rèv, an gran pati se kapab akoz pozisyon ou kouche pou w dòmi an, paske jan ou kouche pou w dòmi, gen yon enfliyans sou rèv ou fè. 

Daprè yon etid syantifik Van Winkle reyalize, moun ki dòmi sou bò goch fè move rèv e tou dòmi pi mal pase yon moun ki fè l sou bò dwat. Rezon an se ta akoz sansasyon sèvò w genyen pa rapò a chak bò ou kouche sou yo a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rapò etid la montre tou, 40 pousan moun ki dòmi sou bò goch yo fè konnen, yo fè anpil move rèv ki konn twouble yo anpil. Poutan 14.6 pousan moun ki yo menm dòmi sou bò dwat, deklare yo dòmi byen épi fè bel rèv, sitou rèv ki gen pou wè ak yon sansasyon soulajman, yo gen yon sansasyon sekirite nan somey yo. 

Moun ki dòmi sou vant yo menm fè konnen yo gen sansasyon ki lye ak fè bagay epi yo fè rèv ewotik, pi souvan pase nenpot lòt moun.  Men yo rapòte tou yo fè lòt rèv tankou kote yo santi yo mare oubyen fèmen yon kote rezon an se ta paske, moun ki dòmi sou vant yo resevwa mwens lè épi lespri yo imajine se fèmen yo fèmen yon kote. 

Lè w ap dòmi, sèvo w pa totalman detache de anviwonman eksteryè a sa ki fè li toujou vle bay yon sans ak sa li resanti yo kidonk ou fè diferan rèv tou depan de pozisyon ou dòmi an.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.