Direksyon depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri (DDNE-MCI) nan yon kominike ki pibliye jodi lendi 5 septanm 2022 a fè konpayi petwòl yo konnen livrezon gaz la nan enstitisyon yo entèdi jiskake yo bay otorizasyon.
Nan kominike sila, DDNE-MCI di yo konstate se yon konplo konpayi petwolyè yo itilize ki afekte espekilasyon ilegal sou pwodwi petwòl yo an vyolasyon ak lwa 20 desanm 1946 ak nòt pou laprès #006 Ministè Komès ak Endistri ki gen dat 14 jiyè 2022 a.
Anplis de sa, Direksyon Depatmantal Komès ak Endistri Nòdès fè enstitisyon an kesyon yo konnen yo dwe gen yon otorizasyon MCI ak Pakè ki siyen pou yo ka apwovizyone yo. Mete sou sa, konpayi petwòl yo pral oblije bay enstitisyon sa yo gaz.
Direktè depatmantal MCI Nord-Est la, Mesye Théogène repete angajman li nan batay kont espekilasyon ilegal pwodwi petwòl yo daprè lwa 20 desanm 1946 la.
Facebook Comments