Champions League la retounen, Real Madrid pral defann kouwòn li  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
champions league la retounen, real madrid pral defann kouwòn li  

Madi 6 Septanm 2022 sa a, sezon an ap tanmen ofisyèlman Ligue des Champions an. Balon an pral woule sou anpil gwo teren an Ewòp. Chanpyon an tit la, Real Madrid ap fè yon kout lakay Celtic Glasgow, ap gen yon bèl PSG kont Juventus nan menm jou a. 

Chak lane, Ligue des Champions an se konpetisyon klèb ki toujou sisite plis efori lakay fanatik foutbòl yo nan lemond. Ane pase, nou viv yon bèl kanpay avan Real Madrid t al pran katòzyèm tit li nan tout istwa konpetisyon an. Pou ane sila a, anpil moun kwè farin nan p ap vin nan menm sak, n ap gen pou n wè sa apati semèn sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

An madi, jwè Carlo Ancelotti yo ap jwe premye match yo kont Celtic Glasgow. Delegasyon Real Madrid la gentan ateri nan peyi Ekòs kote match sa ap jwe a. Nan menm gwoup sa, Shakhtar Donetsk pral vizite RB Leipzig. Chanpyon Itali a Milan AC ap rankontre Salzburg epi yon lòt bò, Chelsea pral toke ak Dinamo Zagreb k ap devan piblik li. 

Youn nan pi bèl afich k ap genyen pou jounen madi sa se Paris Saint-Germain k ap resevwa Juventus nan Parc des Princes lan. Se pral okazyon pou Angel Di Maria rewè piblik Parizyen an kèk mwa aprè li kite klèb kapital la. Ekip Maccabi Haïfa a ki se klèb Ayisyen an, Frantzdy Pierrot ap jwe a pral rann Benfica vizit nan Estadio Da Luz la.  

Gen anpil lòt afich pou jounen madi 6 Septanm nan. Ladan yo n ap jwenn FC Séville, nan stad Ramon Sanchez Pizjuan, ap resevwa Manchester City, demifinalis nan dènye edisyon an. Nan menm poul, Borussia Dortmund ap kwaze ak Copenhague. Tout m ap yo ap jwe a 3zè nan lè peyi Dayiti, sof match Chelsea a ak pa Dortmund nan k ap jwe a midi 45.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.