De fanm jwenn lanmò yo kangrennen anndan Vilaj de Dye

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
de fanm jwenn lanmò yo kangrennen anndan vilaj de dye

De (2) fanm ki abitye fè manje pou bandi Vilaj de Dye yo jwenn lanmò yo ayè jedi 25 me 2023 a anba men menm gwoup la, daprè sa nou aprann. Kriminèl yo ta dekouvri medam sa yo te konn abitye bay moun enfòmasyon sou yo pandan y ap opere anndan, tankou foto ak videyo.

De kizinyè sa yo mouri, pami yo genyen yon sèten “Dada”, jan sous la rapòte l kòm yon zanmi pwòch viktim lan. Li fè nou konnen avan bandi yo touye de medam yo, yo vyole yo avan epi mete dife sou yo tou vivan aprè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sous lan rapòte nou egalman depi yè gen anpil presyon k ap fèt sou popilasyon an nan Vilaj de Dye. Bandi gang “5 Segond” yo mache fouye mezi telefòn moun pou wè si yo pa p sèvi antèn pou lapolis oubyen bay enfòmasyon sou yo. Pyès moun pa gendwa ret kanpe pre yo, si w pa fè pati gang lan.

N ap raple, fanm yo, menm jan ak tifi yo, plase nan premye liy viktim zak gang yo ap komèt nan sosyete a depi kèk tan. Anplis zak y ap sibi yo, bandi yo souvan itilize yo kòm sèvant pou divès bezwen tankou fè manje, lave, fè acha, sèvi antèn, elatriye. Menm gen fanm ki konn patisipe nan ekzekisyon ak fouy lòt moun (fanm) parèy yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article