Otorite yo nan peyi Repiblik dominikèn, presizeman nan zòn Pedernales, leve jwenn kadav yon jèn gason ayisyen abò yon plaj. Yo idantifye l kòm Dominique Exavier, ki genyen sèlman 22 lane.
Viktim lan, daprè premye enfòmasyon yo, t ap viv nan yon otèl nan menm vil la. Daprè medsen yo, Exavier mouri toufe, men pa gen okenn detay ki bay anplis.
Medsen lejis José Luis Vallejo Pichardo ki te gen avèk li ayè jedi 25 me a Direksyon ankèt kriminèl yo (Dicrim), te chaje pou leve kadav la bò plaj kote yo te jwenn li an.
Yo te transpòte kò Dominique Exavier aprè nan chanm fwad lopital Doktè Elio Fiallo. Y ap gen pou transfere l nan Enstiti syans mediko-legal (Inacif) pou yo ka fè yon otopsi jodi vandredi a.
Ayisyen an, n ap rapòte, te genyen yon valiz nan do l ki te gen lajan an peso dominiken, souvètman, ak kèk lòt zafè pèsonèl. Men pyès li te gen sou li yo montre Exavier t ap travay nan yon katye nan Pedernales.
Pa bò kote pa l, Direksyon ankèt kriminèl yo (Dicrim) di li pral mennen bon jan ankèt pou detèmine veritab sikonstans Ayisyen sila mouri an.
Facebook Comments