De moun mouri Kafou, pami yo yon prezime toutè Krisla

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
de moun mouri kafou, pami yo yon prezime toutè krisla

Omwen 2 moun jwenn lanmò yo nan komin Kafou byen ta mèkredi 31 me 2023 a. Christopher Chery se youn nan yo, popilasyon an ta idantifye l kòm “toutè” gang Krisla.

Plizyè imaj nou rive jwenn montre yon nonm kouche a tè jan manman l te fè l, aprè plizyè moun te fin maltrete li ak tout sa ki vin anba men yo, kawoutchou sou li. Kèk tan aprè, yo vide gazolin sou endividi an epi mete dife.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toutfwa pa genyen detay ki bay sou idantite li, men sèn sila pase devan Metwopolis la, nan komin Kafou. Popilasyon an fè konnen endividi a te konn sèvi antèn pou gang. Daprè sa sous nou rapòte n genyen lòt moun ki pase anba fristrasyon ak kòlè popilasyon an tou.

Depi aprè atak bandi ak zam ki fè pati gang Krisla sou komin Kafou – yon atak ki koute lavi ak omwen 3 moun – yon pati nan popilasyon an deside pou yo pa rete gade sa nan zye. Patikilyèman akòz lanmò polisye Occil Franztdy, ki gen ti non « Ti BIM », san konte plizyè moun ki sòti blese pa bal.

Jiskaprezan sitiyasyon an toujou rete sou tansyon, anpil moun deja sove kite lakay yo pou al refijye yo lòt kote. Menm si lapolis te anonse nan yon premye tan li reprann sitiyasyon an, anyen pa montre sa, daprè plizyè temwayaj nou resevwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.