Mouvman « Bwa Kale » a kanpe « rèd rèd rèd » nan komin Kafou

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
mouvman bwa kale a kanpe rèd rèd rèd nan komin kafou

Depi aprè endividi ki ta fè pati gwoup bandi Krisla yo fin anvayi komin Kafou, popilasyon an kanpe an gad avou. Mouvman « Bwa Kale » a tabli kòl epi deja koze lanmò yon prezime toutè gwoup gang Tibwa, ki t ap pase nan zòn lan abò yon moto siklèt.

Anplis afwontman bandi ak Lapolis Komin Kafou ap konen dènye tan sa yo, popilasyon an bò kote pa l foure bouch li nan koze a, yo itilize estrateji mouvman Bwa Kale a pou pwoteje tèt yo fas ak prezans endividi ame sa yo nan komin lan , sa ki lakòz 31 me 2023 lanmò Christopher Chery, yon sitwayen popilasyon an idantifye kòm prezime toutè gwoup ame ki anvayi komin lan . Yon sitiyasyon ki ta lakoz tansyon yo monte plis ant Kafou ak Fontamara ki ta swete tire revanj dapre plizyè temwanyaj.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Divès moun nou pale ak yo, denonse kèk vyolans k ap fèt sou kèk moun paske yo soti nan katye ki gen gwoup gang pisan k ap dirije yo, « paske ou soti nan zòn yon bandi, yo di w se toutè oubyen manm gwoup gang bandi an », te deklare yon granmoun ki genyen 65 lane. Pandan li fè konnen pa gen yon kote ki pa gen bandi nan peyi a, pita ap pi tris si moun yo kenbe konsa.

Kote W Rete ? Kiyès Ki Mennen w La ? Se 2 prensipal kesyon pèp la poze w lè yo kanpe w.
Lè yo mande verifye pyès ou, inosans ou pa p sifi lè nan pyès idantifikasyon w yo jwenn ou soti nan yon zòn ki genyen gwoup gang enfliyan k ap taye banda nan peyi a.

Mouvman Bwa Kale sa a ki pran nesans avèk pèp Kanapevè a ki te touye epi boule 14 prezime bandi 24 avril pase a ki te abò yon ti bis pappadap, prèske rive nan tout zòn nan moman an, moun yo ap flannen ak wòch, chèn moto, bwa, manchèt, kouto nan sousi pou chèche epi dechèpiye bandi. Pandan, plizyè prezime inosan deja pase anba mouvman sa, akòz zòn ki idantifye sou pyès yo.

Toujou daprè kèk sitwayen nou te pale ak yo, zòn tankou « Kafou, Fontamara, Matisan, Kwadèboukè, Savyen, Site Solèy, Bèlè pou n site sa yo sèlman, se kèk zòn nan kapital la si pyès ou ta make ladan l, ou dwe pridan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.