Dechoukaj  la komanse nan vil Senmak 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Dechoukaj  la komanse nan vil Senmak 

Popilasyon Senmak la te mete pye yo sou beton an depi semèn pase a pou yo te mande depa Ariel Henry sou pouvwa. Men jodi vendredi 16 septanm 2022 a, “dechoukaj” la komanse maten an nan vil Senmak. 

Maten an,  popilayson Senmak la te piye biwo konpayi Cam Transfert yo nèt.  Moun k’ap fè revòlt yo pran depo manje yo epi yo mete dife nan dèlko yo.  Lòt lokal, tankou Natcom, ONA, Ginou Market ak Digicel, elatriye, te sibi menm sò a anba men manifestan yo, kote yo te piye tout sa yo jwenn anndan yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounye a,  nan lè atik sa ap ekri a ( 2zè 04) tout aktivite yo paralize nan vil Senmak la. Se sèlman manifestan yo ki ap dirije lari yo, kote yo kontinye ap  mande depa imedya sou pouvwa a Chèf gouvènman  ki se Ariel Henry. 

Nap raple, manifestan kont Ariel nan Gonayiv, Tigwav,Okay, Delma ak Jeremi  te piye plizyè biznis epi yo mete dife ladan yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.