Degoutan Zoe Blood tonbe anba bal Lapolis nan Riyèl Chavàn

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
degoutan zoe blood tonbe anba bal lapolis nan riyèl chavàn

Nan lannwit 8 mas la, Degoutan Zoe Blood, yon pwòch rapè Izolan, bwè dlo bouch li aprè l fin resevwa plizyè bal Lapolis nan Riyèl Chavàn, pa lwen Radio Télévision Caraïbes.

Deshommes Jeff yo konnen sou non Degoutan Zoe Blood, yon jèn rapè nan BPC, viktim anba bal Lapolis nan lannwit 8 mas la. Manb Zoe Blood la ta rive jwenn lanmò li nan Riyèl Chavàn. Li parèt move kote nan move moman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwòch rapè Izolan an, yo te konnen l kòm nèg ki konn fè tatou ak pèsing. Selon yon sous nou ka fè konfyans, polisye ki tire sou li yo se zòn lan yo t ap pwoteje nan moman bandi ak zam t ap atake tout perimèt Channmas la.

Toujou selon sa n aprann, jèn gason sa ki te nan lari aprè kouvrefe gouvènman an te dekrete an, te resevwa 2 bal nan abdomèn li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.