Dèlma 17 : Biwo ONA a nan yon sitiyasyon konplike, plizyè moun blese anba bal 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
Foto : Image7

Nan manifestasyon jodi 13 septanm lan gwo deblozay deklannche ant popilasyon an ak ajan sekirite ONA yo. Sitiyasyon an te panike nan tout zòn ki antoure enstitisyon sa a. 

Manifestan yo sèvi ak wòch epi boutèy pou te tante antre andedan lokal ONA a, gad sekirite yo bò kote yo te blije reponn pa mwayen zam ki nan men yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè kout bal te kòmanse chante nan espas la aprè ajan sekirite yo ta wè entansyon manifestan yo. Selon plizyè sous lokal, plizyè moun blese anba bal, yon sitwayen ki rele Gregory pèdi lavi l aprè yon polisye an sivil ta tire sou li, Toujou selon sous nou. 

Plizyè polisye te deja rive pou kontwole sitiyasyon an, yon dosye nap swiv… 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.