NETALKOLE

Dèlma : yon adolesan 15 lane mouri ak yon bal nan tèt li, yon polisye enplike nan zak la 

James Pierre, se non adolesan 15 lane sa a ki jwenn lanmò li nan zòn Tiplas Kazo, Dèlma 33, apre yon chirepit ki te opoze l ak yon polisye nan katye a. Kervens Noël, ki se kouzen viktim nan ki te akonpaye l, li menm tou te resevwa yon bal nan kwis gòch li nan men polisye a, selon sa li di, yo te soti kay matant yo. 

 Zam legal ki nan men polisye Ayisyen yo kòmanse anrejistre anpil zak malonèt nan peyi a, emosyon ak vanjans vin yon defi pou polisye yo paske, anpil nan ajan fòs lòd yo gen gwo difikilte pou metrize yo. 

Valéry Michel, se polisye 18tyèm pwomosyon sa a epi ki abite nan zòn nan, ki ta komèt krim sa a, daprè yon tonton viktim nan ki di li konnen polisye a.  » Polisye a tire nan direksyon mesye yo, se nan yon diskisyon yo te ye ak polisye a epi malfektè a touye neve m yo », eksplike tonton viktim yo nan jounal Premye Okazyon radyo Caraïbes FM. 

Pi lwen, tonton ann mande ak enstitisyon polis la pou yo pran yon desizyon  kont polisye sa a, pou evite repete yon zak konsa ankò. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire