Aktivis « Baz 47 » yo refoule beton an maten lendi 31 oktòb 2022 a, nan Kafou Delmas 30. Toujou anba menm revandikasyon yo, egzije liberasyon plizyè manm nan baz la a, epi denonse zak sasinay polisye yo sou jounalis Romelson Vilsaint, yon krim ki te komèt andedan komisarya Delmas 33 a.
Pandan mouvman an militan yo obsève barikad epi mete dife nan plizyè kawotchou lendi 31 oktòb 2022 sa a nan Delmas 30. Inisyativ lan se toujou manm « Baz 47 » yo k ap manifeste pou mande liberasyon plizyè manm nan « Baz » la lapolis te arete pandan dènye manifestasyon yo.
Pi lwen , manifestan yo rann gouvènman Ariel Henry a responsab arestasyon kanmarad yo. Yo menase paralize ankò, Komin Dèlma si otorite lapolis ak jidisyè yo pa libere manm Baz la.
Anplis liberasyon aktivis yo, manifestan yo pwofite denonse epi kondane fiziyad sasinay ki fèt ayè dimanch 30 oktòb la sou jounalis Romelson Vilsaint, nan komisarya Delmas 33 a. Kote se ajan fòs lòd yo ki klèman akize nan Krim sila a.
Yo mande enspeksyon jeneral PNH la pou mennen yon ankèt prese prese san koken pou idantifye lotè zak sasinay Romelson Vilsaint an epi trennen yo devan lajistis pou yo ka reponn kesyon pou aksyon sila a.
Facebook Comments