Dènye iPhone 15 lan ka chaje lòt telefòn tankou yon bakòp

Jim Larose
ParJim Larose- Rédacteur
dènye iphone 15 lan ka chaje lòt telefòn tankou yon bakòp

Tout iPhone 15 ki fenk soti yo, sa vle di, iPhone Plus, iPhone 15 Pro ak iPhone 15 Pro Max, gen yon pò USB-C olye de yon pò Zeklè. Se sa ki pèmèt yo ka chaje lòt iPhone ak Androïd epi fè transfè done.

iPhone 15 yo, nan jou k ap vini yo, ap deja nan prèke tout magazen elektwonik nan mond lan. Anpil fwa, gen moun ki konn di nouvo iPhone yo pa twò diferan de nimewo ki vin avan an. Fwa sa, anplis plizyè lòt chanjman ki remakab iPhone 15 yo genyen, yo ka bay lòt telefòn chaj tankou yon bakòp.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jan Marques Brownlee te demontre l pandan yon tès piblik li t ap fè sou iPhone 15 lan sou chanèl YouTube li, lè yon moun branche yon iPhone Lightning sou yon iPhone 15 USB-C avèk yon kab USB-C, iPhone 15 lan ap chaje lòt la, kòmsi l te yon bakòp, menmsi iPhone 15 lan gen mwens chaj pase lòt telefòn l ap chaje a.

Sou sit iPhonesoft.fr, pwofesyonèl yo di « si se 2 iPhone 15 ki branche ansanm, 2 telefòn yo ap kominike. Sa ki gen plis chaj la, se li k ap alimante lòt iPhone lan. Mèt telefòn yo pa bezwen aktivite anyen pou sa fèt. Se yon sistèm pwogramsyon ki sou telefòn lan ki jere sa yon fason otomatik ».

Si se yon telefòn Android, telefòn sa dwe gen kapasite pou l fonksyone ak kab USB-C. Lè sa fèt, depi w konekte Android la ak yon iPhone 15, si se iPhone lan ki gen plis chaj la, se li k ap chaje Android la. Men si se Android la ki gen plis chaj, se li k ap chaje iPhone nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jim Larose
Par Jim Larose Rédacteur
Follow:
Journaliste-Rédacteur • Écrivain • Juriste • Ami de la lecture • Passionné des métiers de la plume.