Nan plizyè zòn nan kapital la Pòtoprens ak nan vil andeyò yo, popilasyon an òganize yo pou sekirize zòn yo kont tout etranje. Akoz bandi k ap sove kite kapital la pou al mawon lòt kote, nan kèk komin (sitou nan katye yo), depi w se etranje ou san lè viktim.
Modòd popilasyon an senp aktyèlman: depi w ap mache san pyès idantite w sou ou, ou san lè pran Bwa Kale. Wi, se konsa sa ye nan plizyè rakwen nan kapital la ak nan vil pwovens yo, e plizyè jèn gason pase move moman anba men popilasyon an akòz yo pa t genyen pyès idantite sou yo, genyen menm ki mouri.
Aktyèlman, pyès idantite se yon “pyès kle” nan lavi ak lanmò yon moun nan peyi a. Plizyè endividi lapolis arete oubyen pèp la mete lapat sou yo, premye kesyon yo te reponn se « kote pyès idantite w », nan lide pou yo ka konnen ki kote konsène a sòti, e rezon ki fè l ateri kote l ye a. Aprè sa gen lòt kesyon ki vini, si yo pa gentan bay “Bwa Kale” a.
N ap raple, byen avan modòd mache ak pyès idantite a, te gen yon veritab kanpay kont moun ki gen gwo cheve, ki fè “dread”, moun yo kategorize kòm “lèd” ak ki gen « yon estil vestimantè ki pa chemiz ak pantalon twal » pou yo te chita lakay yo, pou yo pa viktim. Sa te lakòz plizyè moun chanje estil, e menm genyen ki te blije koupe cheve yo.
N ap raple, pou mwa avril la Nasyonzini te revele se 75 moun ki te mouri nan mouvman popilè “Bwa Kale” a, ladan yo 66 bandi, kidonk rès 9 ki viktim yo se te inosan.
Facebook Comments