Pandan operasyon PNH la nan katye ki gen sivil ak zam yo k ap teworize popilasyon an, espesyalman Vilaj de Dye, Direktè jeneral lapolis la, Frantz ELBÉ, mande popilasyon an gade kalm li nan yon kout bat bouch li te genyen ak jounalis Wendell THEODORE nan radyo televizyon Métropole maten 12 me 2023 a sou dènye operasyon fòs lòd yo pandan semèn sa yo.
Bandi ak zam yo k ap simen latwoublay nan prèske tout peyi a depi yon bon bout tan te deja konnen jou yo konte. Pandan moman sa yo, gras ak dinamik wo kòmandman PNH la, mete sou materyèl lagè yo k ap miltipliye, operasyon lapolis la koumanse pote satisfaksyon, sitou ak silans ka kidnapin yo andedan peyi a. Nan yon entèvyou li bay radyo tele Métropole, chèf lapolis la montre reyèlman operasyon yo fenk kare kontinye nan degwann malfra yo.
Nan entèvansyon li an, DG a konfime operasyon Laboul la se te yon operasyon ki te byen planifye epi ki pote konsolidasyon sa ki tabli nan katye sa jodi a. Menmjan li kontinye sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan Tomasen, li garanti se menm rezilta a ki gen pou klewonnen nan Vilaj de Dye ak tout rantre sid kapital la.
“Operasyon yo pa p kanpe, se pou pèp la gade kalm li, n ap travay, n ap etidye estrateji yo epi n ap pote rezilta”, deklare DG PNH la, Frantz ELBÉ, pandan li kontinye mande ak popilasyon an kolabore ak enstitisyon an pou fasilite travay la kòmsadwa.
Facebook Comments