Didier Deschamps pwolonje ak Lafrans pou jis 2026 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
didier deschamps pwolonje ak lafrans pou jis 2026 

Seleksyonè Lafrans lan, Didier Deschamps siyen yon nouvo kontra ak Federasyon Fransèz Foutbòl la. Aprè final Mondyal la li te pèdi anfas Ajantin, Deschamps toujou gen konfyans federasyon an e li ta sipoze dirije seleksyon an pou jis 2026. 

Se konfime : Didier deschamps ap rete nan tèt ekip Lafrans lan pou Koupdimonn k ap vini an nan mwens ke 4 lane. Antrenè an chef Ble yo deside pwolonje kontra ki lye l ak seleksyon an. Jiskaprezan, Federasyon Fransèz Foutbòl la (FFF) satisfè de pèfòmans ekip la sou direksyon Deschamps. Y ap kontinye fè l konfyans pou kèk tan ankò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chanpyon Mondyal 1998 la te pran tèt seleksyon sa 9 Jiyè 2012 kote se aktyèl Prezidan federasyon an, Noel Le Graet ki te nome l. Depi dat sa li jwe 139 match ak seleksyon an li fè 89 viktwa, li konnen 28 match nil epi 22 defèt. Sou kòmand Deschamps, ekip Lafrans lan fè 279 gòl epi li ankese 119. 

Lafrans souvan bay bèl reprezantasyon nan tounwa entènasyonal yo avèk DD. Fransè yo te finalis nan Euro 2016 la avan yo t al ranpòte Mondyal 2018 la 20 lane aprè premye tit mondyal yo. Malgre yo te elimine depi nan uityèm final Euro 2020 an, yo te retounen an fòs pou yo pran EUFA Nations League 2021 an epi yo soti finalis nan dènye Mondyal ki fèt la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.