Ki kondisyon imigran ki soti Kiba, Nikaragwa ak Ayiti dwe ranpli pou ale Etazini ? 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ki kondisyon imigran ki soti kiba, nikaragwa ak ayiti dwe ranpli pou ale etazini  

Prezidan Ameriken an, Joe Biden fè konnen jedi 5 janvye 2023 a peyi Etazini pral aksepte 30,000 imigran ki soti nan 4 peyi sa yo : Ayiti, Kiba, Venezyela, Nikaragwa ki ranpli tout kondisyon yo egzije yo. 

Pou imigran 4 peyi sa yo antre nan peyi Tonton Sam lan yo dwe ranpli kondisyon sa yo : 

- Advertisement -
Ad imageAd image

-Tout aplikan yo dwe gen yon patwone  oubyen yon moun k ap ba yo esponsò ( Paran, yon gwoup san bi likratif, Legliz) Ozetazini ki dakò pou ba yo sipò finansye pandan 2 lane y ap rete yo.  

-Yon patwone oubyen yon esponsò ka sipòte plis pase yon (1) benefisyè, sa ki vle di si li vle li ka pran plizyè imigran nan  yon sè l fanmi oubyen nan yon sè l kay, men patwone sa a, oubyen esponsò sa a dwe soumèt yon aplikasyon separe pou chak benefisyè, menm si se timoun oubyen yon minè benefisyè prensipal la ye. 

-Plizyè sipòtè ka patisipe nan sipòte yon aplikan, men yo pral bezwen eksplike gouvènman an poukisa yo vle pataje responsablite a. 

-Esponsò yo ka sitwayen ameriken, rezidan pèmanan, imigran ki gen TPS, oswa moun k ap chèche azil, ki demontre yo ka resevwa, kenbe, ak sipòte benefisyè a pandan y ap nan peyi a nan pwogram nan. 

-Esponsò  a dwe asire l benefisyè (imigran) an gen akomodasyon ki an sekirite epi ki apwopriye.  L ap bezwen tou ede moun k ap resevwa a ranpli dokiman ki nesesè yo, tankou otorizasyon travay, kat sekirite sosyal, ak nenpòt sèvis imigran ap ka kalifye pou yo. 

-Anplis de sa, sipòtè a ap gen pou l asire benefisyè a resevwa swen medikal pou 2 lane yo epi ede l jwenn yon travay ak jwenn aksè nan edikasyon, tankou aprann anglè si li poko pale lang lan, si tout fwa imigran ki benefisye de pwogram sa minè, sa ki vle di li poko gen 18 lane, l ap bezwen ale lekòl. 

Mete sou sa yo, Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) fè konnen abilite sipò sa yo pou sipòte yon moun k ap resevwa yo pral evalye kolektivman.  Pou pakab jwenn plis enfòmasyon  

- Advertisement -
Ad imageAd image

gouvènman an rekòmande aplikan yo pou yo chèchè jwenn plis detay nan òganizasyon tankou Community Sponsorship Hub, Welcome.us  elatriye. 

Li enpòtan pou nou fè konnen tou, Prezidan ameriken an Joe Biden, te insiste pou li te di menm jan peyi Etazini ap bay anpil imigran nan 4 peyi sa yo posiblite pou antre Ozetazini, se konsa tou li dekonseye nenpòt imigran antre Etazini yon fason ki ilegal. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.