Digicel envite popilasyon an ba l kout men pou mete rezo a konplètman operasyonèl 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
digicel envite popilasyon an ba l kout men pou mete rezo a konplètman operasyonèl 

Nan yon nòt ki pibliye jounen lendi 3 oktòb 2022 a sou rezo sosyal yo, konpayi Digicel mande sipò popilasyon an pou kapab kontinye alimante rezo a ak gaz nan moman tout peyi a ap fè fas ak kriz sa. 

Digicel fè konnen, gras ak mobilizasyon selil ijans li an ki mobilize plis pase 300 anplwaye nan santral la, ak pou pi piti 100 ekip ki deplwaye sou tèren pou kontinye kenbe rezo à fonksyonèl, anviwon 65% rezo a operasyonèl pou kounya. 

Konpayi telefòn mobil la envite popilasyon an ba li lebra pou li kapab rive jwenn pasaj pou alimante sit yo ak gaz, sa k ap pèmèt li kontinye bay sèvis tankou apèl, entènèt, transfè moncash elatriye. 

Daprè nòt sa, malgre tout difikilte ki genyen yo nan peyi a, majorite espas estokaj estratejik konpayi an rive alimante, toujou gras ak mobilizasyon ekip ijans li an. 

Digicel atire atansyon siwtayen yo sou nesesite ki genyen pou rezo kominikasyon yo toujou rete fonksyonèl, paske sa ap afekte tout sektè, pami yo laprès ki gen misyon pou bay enfòmasyon yo. 

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.