Yon ansyen Konsil ayisyen fè konnen dezòd ki gen nan peyi a aktyèlman se plan entènasyonal la ak Repiblik dominikèn 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon ansyen konsil ayisyen fè konnen dezòd ki gen nan peyi a aktyèlman se plan entènasyonal la ak repiblik dominikèn 

Ansyen Konsil ayisyen Edwin Paraison deklare nan laprès dominikèn sitiyasyon peyi d Ayiti ap travèse aktyèlman se plan entènasyonal la ki bezwen vòlè richès peyi epi lage pèp la nan lamizè. 

Daprè diplomat la, plizyè peyi ki sou kontinan afriken an deja pase anba lo sa akòz richès yo genyen nan sousòl yo, tankou dyaman, lò ak lòt materyo ki presye toujou. Edwin Paraison fè konnen peyi d Ayiti gen iranyòm, se poutèt sa sitiyasyon an gendwa konsa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Yo di an Ayiti nou gen iranyòm ak lòt metal nan sousòl nou yo, nan yon sans gen divès aktè nan kominote entènasyonal la ki gendwa enterese pou ekspòte materyèl sila yo”, se deklarasyon l. 

Sepandan ansyen Konsil la deklare menm si yo simaye divizyon nan peyi a, yo pa janm kapab fè pèp la sove kite peyi a. 

Li avanse yon lòt kote, genyen konfli politik tou ki lakòz anpil dega, a chak fwa genyen gwo dezòd, Repiblik dominikèn bay yon alèt sou swadizan Ayisyen k ap kite peyi yo pou rantre an Repiblik dominikèn. Li di sa pa janm fèt vre jan otorite dominiken yo souvan rapòte l la. Anplis sa, Edwin Paraison fè konnen Ayisyen yo fè anpil pwofi rantre an Repiblik dominikèn paske pi fò sòti nan klas mwayèn nan, se envesti yo vin envesti sou teritwa dominiken an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.