Direktè Depatmantal DGI nan Latibonit la jwenn liberasyon l

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
direktè depatmantal dgi nan latibonit la jwenn liberasyon l

Direktè Depatmantal Direksyon Jeneral Taks nan depatman Latibonit la jwenn liberasyon li, yon jou aprè bandi ak zam te fin kidnape l.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an, Fleurinord P. Antoine ki te kidnape lendi 17 avril 2023 a, pa manm gang ki rele “Kokorat San Ras” k ap opere nan Lakwa Peris (La Croix Périsse), yon lokalite nan komin Estè, nan depatman Latibonit rejwenn libète li ayè madi 18 avril 2023 a, aprè fanmi li te fin bay yon ranson.

Aprè liberasyon Direktè Depatmantal DGI nan Latibonit la, Popilasyon site endepandans la, te pataje aklè kontantman yo.

N ap note, kantite lajan fanmi otaj la te bay pou l kapab jwenn liberasyon li pa divilge.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.