Direktè jeneral lapolis la Frantz Elbé  konvoke tout polisye alawonnbadè 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Hebdo24

Nan yon korespondans ki pote dat 15 septanm nan, nimewo 1 Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH, nan sig fransè), Frantz Elbé mande pou tout polisye vin travay kòrèkteman, menm sila ki nan konje yo. 

Direktè Jeneral a.i lapolis la adrese l ak Direktè santral ak depatmantal yo ki nan PNH la pou di yo konvoke tout polisye nan lide pou yo ka garanti lòd piblik la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya tout konje ak pèmisyon yo te akòde polisye yo fini, yo dwe rantre nan baz pou vin prepare yo pou beton an. 

Depi plizyè jou genyen gwo tansyon ak anpil dezòd nan lari Pòtoprens ak plizyè vil ki nan pwovens, pami yo dechoukay ak ka asasina 

Konsa Misye Elbé vle reprann kontwòl sitiyasyon an, li leve tout konje ak pèmisyon. N ap tou pwofite raple lapolis te deja anonse pyès sivil pa otorize pou mache ak zam sou tout teritwa sinon l ap tonbe anba sanksyon lalwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.