Disparisyon Enposib nan HMI lan , se yon nouvo estrateji ?

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
disparisyon enposib nan hmi lan , se yon nouvo estrateji

Depi apre sòti albòm Kamasootra nan lane 2020,gwoup « Enposib » enpoze’l nan biznis mizik ayisyen an . Men depi plizyè mwa, fanatik,pwomotè ak medya yo remake ni Enposib,ni Medjy disparèt nan milye mizikal la . Yon sitiyasyon ki kreye gwo kè sote sitou lakay fanatik gwoup la epi ki bay plas ak anpil rimè kifè kwè swa djazz la kraze ,swa Medjy kite pou fè karyè solo.

Se pa yon aza si rimè sa yo finn anvayi platfòm yo. Anplis absans gwoup la ,Medjy ki tap reflechi sou yon karyè solo, kolaborasyon li ak lòt atis konte anpil nan fè rimè sa yo mache .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men selon sa animatè Guy Wewe fè konen, Medjy ta deklarel pèsonelman rimè sa yo se « Pale anpil ». Medjy pa janm kache anvi’l pou bay djaz la yon lòt direksyon, nan mikro Guy Wewe li te deklare  » Ideyal la se pou ta fè gwo evènman sèlman « .Li kontinye pi lwen pou di li anvi  » jwe mwens pou fè pi bèl pwogram « . Nico ki tap entèvni sou Konpa magazine preske ale nan menm sans lan kòm kwa Enposib antre tèt li pou pote pi bon pwodui, jwe mwens epi pote pi bèl chow pou piblik la.

Yon lòt kote Enposib ki te anonse nan kèk gwo aktivite tankou Haitian Compas Festival, youn nan pi gwo randevou kiltirèl nan biznis mizik ayisyen an, oubyen HMI concert kap gen prezans Joe Dwèt file, absan nan nouvo afich ki sòti yo .

Absans gwoup la ak Medjy kite mond mizikal la nan gwo dout ,fanatik yo pa konn si yap tann nouvo albòm lan ki te anonse depi pou ane pase oubyen move nouvèl separasyon Medjy ak Enposib .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média