Yon bèl operasyon pou Cristiano Ronaldo avèk Al-Nassr

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon bèl operasyon pou cristiano ronaldo avèk al nassr

Nan kad 21èm jounen Saudi Pro League la, Al-Nassr genyen lakay fòmasyon Abha Club la (2-1) avèk prensipalman yon gòl sou koufran dirèk pou Cristiano Ronaldo.

Aprè twa match youn kole ak lòt san jwenn wout kan an, atakan pòtigè an ede ekip li, Al-Nassr, genyen difisilman jodi samdi an avèk gòl koufran sa li make nan 78èm minit pou te kapab egalize.

Al-Nassr ki te nan gwo difikilte sou tèren lakay li aprè yon gòl li ta pral pran nan 26èm minit premye mitan an, te oblije tann 15 dènye minit yo pou fè desizyon an avèk Cristiano Ronaldo epi Anderson Talisca nan 86èm minit sou pennalite.

Atakan pòtigè an ki lontan li pa t make sou koufran dirèk, enskri nevyèm gòl li nan chanpyona sawoudyen an, jodi samdi an, ki pèmèt Al-Nassr genyen difisilman Abha Club, 12èm nan Saudi Pro League la.

A 38 lane, Cristiano Ronaldo ki rive nan peyi Arabi Sawoudit nan kòmansman ane an aprè separasyon l ak Manchester United, kontinye ap fè filè tranble kote sou 8 match li jwe avèk Al-Nassr yo li gentan enskri 9 gòl.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.