Depi plizyè semèn, peyi a ap fè fas ak yon rate biyè vèt nan plizyè bank nan kapital la, poutan, dola ameriken an pandan 2 dènye jou sa yo ap konnen yon ti bès parapò ak goud ayisyen an.
Ayè lendi 8 me 2023 a, pou w te achte yon dola ameriken ou t ap bezwen 146.88 goud, poutan, jodi madi a, daprè sa Bank Repiblik d Ayiti (BRH) fè konnen, pou w achte yon dola ameriken w ap bezwen 145.84 goud nan mache fòmèl la.
Mete sou sa, nan mache enfòmèl la tou, biyè vèt la sibi yon ti bès. N ap raple, yon semèn avan, nan mache enfòmèl la, pou w te achte yon dola, ou t ap bezwen 167 goud. Semèn sa, pou w achte yon dola ameriken wap bezwen 150 pou rive 154 goud.
Li enpòtan pou nou note, nan mache enfòmèl la, pri dola varye an fonksyon de zòn ak moun k ap chanje lajan an.
Yon lòt bò, sitiyasyon ekonomik la an Ayiti konplèks anpil, epi disponiblite lajan etranje, dola ameriken an prensipalman, ka varye daprè plizyè faktè, tankou politik gouvènman an, monte desann nan echanj yo ak kriz ekonomik lan. Kidonk, se rezon sa yo ki fè li posib pou kèk bank an Ayiti ka gen difikilte pou jwenn ase dola ameriken pou satisfè demann kliyan yo.
Facebook Comments