Dortmund kite 2 pwen ale fas ekip Bochum nan pou 30tyèm jounen Bundesliga

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
dortmund kite 2 pwen ale fas ekip bochum nan pou 30tyèm jounen bundesliga

Nan kad 30tyèm jounen Bundesliga a, B. Dortmund pa rive genyen ekip Bochum nan (1-1) nan Vonovia Ruhrstadion lan. Yon move rezilta pou ekip jòn-nwa, ki ka regrèt, si l ta pèdi tèt klasman aprè match Bayern fas Hertha Berlin dimanch kap vini. Bayern 2zyèm ak 59 pwen. Yon rezilta ki aranje ekip Thomas Tuchel la, ki kwè Bavarois yo ka pran yon 11zyèm tit youn kole à lòt.

Bochum ralanti B. Dortmund nan kous li pou tit la epi bay Bayern posibilite pou l pran tèt klasman Bundesliga si l ta bat ekip Herta Berlin an dimanch nan Allianz Arena. Pou kounya ekip Edin Terzic la gen 2 pwen sou Bavarois yo.

Dortmund te pran yon gòl byen bonè, nan 5kyèm minit, yon gòl Anthony Losilla te make. Aprè 2 minit, ekip la ta pral egalize ak Almann Karim Adeyemi, premye mitan fini (1-1), li se rezilta match la.

Nan 2zyèm mitan malgre yo te genyen balon an, yo pat ka jwenn kad la, aprè 2 tantativ : Youssoufa Moukoko (75zyèm ) epi Jude Bellingham (77tyèm), dezyèm gòl la pat ka fèt. Dortmund te menn espere jwenn yon penal Var te anile.

Nan 5 dènyè match Dortmund yo, se 3 match nil : (Schalke 2-2), Stuttgart (3-3), Bochum (1-1) epi 2 defèt : youn kont Bayern (4-2), lòt la kont Rb Leipzig (2-0). Yon seri ki pa nan favè yon ekip kap batay pou tit Bundesliga sezon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article